
Pas gratis pou East Boston Ferry disponib kounye a!
EastieRides se yon nouvo pwogram Seaport Ferry ki bay pas feri gratis.
Granmoun aje, etidyan, moun andikape, ak moun ki gen ti revni ki rete oswa travay nan East Boston ka kalifye pou yon pas EastieRides gratis. Pasaje ki kalifye yo ap resevwa yon pas gratis pou vwayaje sou Wout East Boston nan Ferry Seaport la, ak transfè pou Wout North Station lan enkli.
Pou aplike pou pas gratis ou a, ranpli yon aplikasyon nan lyen an.
Seaport Ferry fyè pou l lanse pwogram EastieRides la, finanse apati yon sibvansyon jenere nan men Depatman Pwoteksyon Anviwònman Massachusetts (DEP) avèk lajan ki soti nan Ch. 91 Program’s Boston Harbor Water Transportation Trust Fund.
Ou vle fasilite pas pou anplwaye ou yo, kòlèg travay ou yo, oswa gwoup kominotè a? Kontakte EastieRides@massconvention.com si ou gen kesyon.
